Anpil moun voye lajan bay pirat san yo pa konnen. Men kijan sa rive.
Kijan pyèj la mache
Ou resevwa yon mesaj sou WhatsApp oswa Facebook, soti nan yon zanmi w. Li di w li gen yon ijans, li bezwen w prete l yon ti kòb touswit. Li mande w si w ka ede l.
Ou menm ki gen bon kè, ki gen kè nan men, ou pa menm pran tan reflechi. Ou mande l kijan pou w voye lajan an, epi ou kouri fè transfè a.
Se lè w fin voye lajan an ou vin aprann se pa zanmi w lan ki t ap ekri w. Yon malveyan te pirate kont li, e li t ap voye menm mesaj la bay tout zanmi l!
Siy ki dwe fè w sispèk
- Moun nan ap ba w presyon e li di se yon ijans.
- Li mande w voye lajan an sou non oswa sou kont yon lòt moun, san l pa ka ba w yon eksplikasyon klè.
- Li pa vle, oswa li pa ka, pale avè w nan telefòn.
Kisa pou w fè anvan w voye lajan
- Verifye idantite moun nan. Rele l sou nimewo ou deja konnen an. Pa konte sèlman sou mesaj li voye sou Messenger oswa WhatsApp.
- Poze l yon kesyon se sèlman li ki ka konnen repons lan.
- Pa aji anba presyon. Menm si demann lan sanble ijan, yon vrè zanmi ap konprann ou pran yon ti tan pou verifye.
Si w dekouvri kont zanmi w lan pirate, avèti l pa yon lòt chemen, epi avèti lòt zanmi nou genyen ansanm.
Lè w fin verifye: chwazi yon sèvis ou fè konfyans
Patenarya
Lè w fin fè tout verifikasyon yo, li enpòtan pou w chwazi yon sèvis ou fè konfyans pou voye lajan an.
Avèk Taptap Send, ou ka voye lajan bay fanmi w ak pwòch ou ann Ayiti san tèt chaje, e y ap resevwa l nan fason yo pi pito.
Sèvi ak kòd pwomo PAWOL pou moun k ap resevwa lajan an jwenn $10 anplis sou premye transfè w fè ak aplikasyon an.
Anvan w voye lajan, verifye moun k ap resevwa l la. Pwoteje tèt ou, pwoteje lajan w, e pa kite presyon fè w pran move desizyon.
Atik sa a fè pati seri Pawòl Dijital sou sansibilizasyon sibèsekirite. Jwenn tout atik yo nan kategori Sekirite, epi swiv nou sou TikTok, Instagram, Facebook ak YouTube @pawoldijital.
