Lojisyèl malveyan: 5 kalite ou dwe konnen

Nou toujou di òdinatè nou « pran viris ». Men èske w konnen yon aparèy ka enfekte pa anpil lòt bagay ki pa viris ditou?

Nan enfòmatik, yo pale de malware, ki soti nan angle malicious software. An franse yo di logiciel malveillant, e an Kreyòl nou di lojisyèl malveyan.

Se yon pwogram ki fèt pou bay pwoblèm, vòlè enfòmasyon, espyone w, oswa pran kontwòl yon aparèy san otorizasyon. Viris la se jis youn nan kalite lojisyèl malveyan yo — menm jan yon mango se yon fwi, men se pa tout fwi ki mango.

Ann gade 5 kalite ou dwe konnen.

1. Viris enfòmatik

Yon viris kole sou yon fichye oswa yon pwogram. Lè w louvri oswa w lanse fichye ki enfekte a, viris la repwodui tèt li e li gaye nan sistèm nan, kote li ka lakòz anpil pwoblèm.

2. Trojan (cheval de Troie)

Yon trojan fè tankou se yon pwogram nòmal oswa yon aplikasyon itil. Men lè w lanse l, li ka:

  • ouvri yon pòt pou yon pirat pran kontwòl aparèy ou;
  • aji tankou yon keylogger, sa vle di yon pwogram ki anrejistre tout sa w tape sou klavye a, tankou modpas ou;
  • enstale lòt lojisyèl malveyan sou aparèy ou.

3. Spyware (lojisyèl espyon)

Spyware la rete an kachèt sou aparèy ou pou l ranmase done w, tankou aktivite w ak enfòmasyon pèsonèl ou, san ou pa konnen.

4. Adware

Ou konn ap sèvi ak òdinatè w, epi yon pakèt piblisite ou pa mande ap parèt sou ekran an san rete? Li posib se yon adware ki lakòz sa. Gen kèk ki jis anbetan, men gen lòt ki swiv aktivite w oswa ki mennen w sou sit ki pa an sekirite.

5. Ransomware (rançongiciel)

Sa a se youn ou pa ta renmen kontre ditou! Li bloke aksè w ak fichye w yo, epi li mande w peye yon ranson pou w ka jwenn yo ankò. E menm si w peye, pa gen okenn garanti w ap jwenn yo.

Kijan pou w pwoteje tèt ou

  • Telechaje aplikasyon sèlman nan sous ofisyèl yo (App Store, Google Play, oswa sit ofisyèl konpayi an).
  • Pa klike sou lyen epi pa louvri fichye sispèk ou resevwa nan mesaj oswa nan imèl.
  • Kenbe telefòn ou, òdinatè w ak aplikasyon w yo ajou.
  • Sèvi ak yon antiviris ki fyab.
  • Fè bakòp (kopi sekou) dokiman enpòtan w yo, pou w pa pèdi yo si yon pwoblèm ta rive.

Nan zafè sekirite nimerik, se mèt kò ki veye kò.

Rete konekte avèk nou pou n ede w rekonèt danje dijital yo, ak kijan pou w pwoteje tèt ou.


Atik sa a fè pati seri Pawòl Dijital sou sansibilizasyon sibèsekirite. Jwenn tout atik yo nan kategori Sekirite, epi swiv nou sou TikTok, Instagram, Facebook ak YouTube @pawoldijital.

1 thought on “Lojisyèl malveyan: 5 kalite ou dwe konnen”

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *