Non itilizatè WhatsApp: kontakte moun san w pa bay nimewo w

Se pa tout moun ki konfòtab pou yo bay nimewo telefòn yo bay nenpòt moun. E se konprann: nimewo w se yon enfòmasyon pèsonèl. Se youn nan rezon ki fè WhatsApp kounye a ba w posibilite pou w gen yon non itilizatè (username).

Kisa non itilizatè a chanje?

Ak yon non itilizatè, moun ka kontakte w san ou pa bezwen ba yo nimewo telefòn ou. Ou bay yo non an, tankou @jan.pyè, olye ou bay yo nimewo w.

Sa ajoute yon kouch sekirite anplis: lè yon moun ou pa genyen nan kontak ou voye premye mesaj ba w, oswa lè w ekri yon moun pou premye fwa, li p ap wè nimewo w si w ap sèvi ak non itilizatè a.

Bon pou konnen: ou toujou bezwen yon nimewo telefòn pou w kreye kont WhatsApp ou. Epi WhatsApp ka toujou montre moun nan nan ki peyi nimewo w anrejistre.

Pa gen lis piblik ni sijesyon

Gen yon lòt avantaj enpòtan: pa gen okenn lis piblik kote moun ka chèche non w, e WhatsApp p ap sijere non w bay lòt moun. Pou yon moun kontakte w, fò l konnen egzakteman ki non itilizatè ou genyen.

Username Key: yon kle anplis

Si w vle plis kontwòl toujou, ou ka aktive Username Key la. Se yon ti kòd 4 chif, tankou yon kle.

Lè opsyon sa a aktive, menm si yon moun konnen non itilizatè w la, li p ap ka voye premye mesaj la ba w si li pa konnen kle a tou. Ou ka chwazi si se « tout moun » ki ka ekri w, oswa sèlman « moun ki konnen kle mwen ».

Si yon moun ou pa vle jwenn kle a, jenere yon nouvo kle: ansyen an p ap mache ankò.

Kijan pou w rezève non itilizatè w

  1. Mete WhatsApp ou ajou nan Play Store oswa App Store.
  2. Ale nan Settings (Paramèt) → Account (Kont) → Username (Non itilizatè).
  3. Chwazi non ou vle a.

Kèk règ: non an dwe gen ant 3 ak 35 karaktè, epi li ka gen sèlman lèt miniskil, chif, pwen (.) ak tirè anba (_).

Si w pa wè opsyon an ankò, WhatsApp ap mete l disponib piti piti selon telefòn ak peyi. Tcheke ankò apre yon mizajou.

Ou deja gen yon non sou Instagram oswa Facebook?

Si w deja gen yon non itilizatè sou Instagram oswa Facebook, ou ka reklame menm non an sou WhatsApp, apre w fin konfime se ou ki mèt kont lan. Konsa, ou gen menm non an sou tout platfòm Meta yo, e sa ede pwoteje idantite w.

Atansyon ak moun k ap pran pòz lòt moun

Non itilizatè yo pratik, men eskwo yo ka eseye kreye non ki sanble ak non yon moun oswa yon konpayi ou konnen, tankou @sevis.kliyan_bank. Si yon « zanmi » oswa yon « konpayi » ekri w ak yon non itilizatè ou pa konnen, epi l mande w lajan oswa yon kòd, verifye avan w reponn. Rele moun nan sou nimewo w deja genyen an.

Si w se yon moun ki pran swen idantite w, non itilizatè WhatsApp la vo lapenn: ou gen plis kontwòl sou kiyès ki ka kontakte w, san w pa oblije bay nimewo pèsonèl ou bay tout moun.


Ou deja rezève non itilizatè w? Pataje atik sa a ak yon moun ki toujou ap bay nimewo l bay tout moun, epi swiv Pawòl Dijital sou TikTok, Instagram, Facebook ak YouTube @pawoldijital. Li tou: Kijan pou w sekirize WhatsApp ou: 4 etap ki fasil.

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *