WhatsApp se kote nou pale ak fanmi nou, zanmi nou, kliyan nou, e menm kote nou fè biznis. Se poutèt sa pirat yo renmen vize l: si yo pran kont ou, yo ka li mesaj ou, pase pou ou, e mande moun ou konnen lajan sou non w.
Bon nouvèl la: ak 4 ti etap, ou ka rann li pi difisil anpil pou yo pirate kont WhatsApp ou.
1. Pa janm pataje kòd konfimasyon WhatsApp voye pa SMS la
Lè yon moun eseye enstale WhatsApp ak nimewo w sou yon lòt telefòn, WhatsApp voye yon kòd 6 chif pa SMS sou telefòn ou. Kòd sa a se kle kont ou.
Pirat yo konn ekri w — souvan sou kont yon zanmi yo deja pirate — pou di w yo voye kòd la sou nimewo w pa erè, epi yo mande w voye l ba yo.
Si yon moun mande w kòd sa a, konnen se vòlè l ye. Pèsonn, menm WhatsApp, p ap janm mande w li.
2. Aktive verifikasyon an de etap
Verifikasyon an de etap (two-step verification) ajoute yon lòt baryè devan pirat la. Menm si li rive jwenn kòd SMS la, san PIN ou, li p ap ka antre nan kont lan.
Men kijan pou w aktive l:
- Louvri WhatsApp epi ale nan Settings (Paramèt). Sou Android, li nan meni 3 pwen an (⋮).
- Tape Account (Kont), epi Two-step verification (Verifikasyon an de etap).
- Tape Turn on oswa Enable (Aktive).
- Chwazi yon PIN 6 chif ou ka sonje, men lòt moun pa ka devine. Pa mete 123456, ni dat nesans ou.
Remak: WhatsApp ap ranplase PIN 6 chif la ak yon modpas pou kèk itilizatè. Si aplikasyon w lan mande w yon modpas olye yon PIN, se menm bagay la: chwazi yon modpas ki solid epi kenbe l sekrè.
3. Ajoute imèl ou
Pandan w ap aktive verifikasyon an de etap la, WhatsApp ap mande w ajoute yon adrès imèl. Pa sote etap sa a!
Si yon jou ou bliye PIN ou, WhatsApp ka voye yon lyen nan imèl ou pou w ka chanje l. San imèl, ou ka oblije tann 7 jou anvan w ka rantre nan kont ou ankò.
Si w te deja aktive l san imèl, retounen nan Settings → Account → Two-step verification pou w ajoute youn.
WhatsApp ap mande w PIN ou detanzantan tou. Sa pa vle di gen pwoblèm: se pou ede w sonje l.
4. Sèvi ak yon passkey
Yon passkey (kle aksè) mare kont ou ak sistèm sekirite telefòn ou: anprent ou, figi w (Face ID), oswa kòd pou debloke telefòn ou. Konsa, lè w ap konekte ankò sou WhatsApp, ou pa bezwen tann okenn kòd ni tape okenn modpas: se ou menm sèlman ki ka konfime se ou.
Pou w kreye youn: Settings → Account → Passkeys → Create passkey, epi swiv etap yo.
Si w pa wè opsyon an, mete WhatsApp ajou. Li ka poko disponib sou tout telefòn.
An rezime
- Pa pataje kòd SMS WhatsApp voye ba ou.
- Aktive verifikasyon an de etap.
- Ajoute imèl ou pou w ka rekipere kont lan.
- Kreye yon passkey si telefòn ou pèmèt li.
Kèk minit konfigirasyon jodi a ka sove w anpil tèt chaje demen. Se mèt kò ki veye kò!
Kou w fini, pase sou paj Pawòl Dijital yo sou TikTok, Instagram, Facebook ak YouTube @pawoldijital, epi gade lòt ti videyo nou yo pou w aprann plis. Jwenn plis atik nan kategori Telefòn ak Sekirite.
