Telefòn ou di gen yon mizajou ki disponib, epi ou toujou peze « Pita »? Ou pa pou kont ou. Anpil moun evite mizajou paske yo pran tan, oswa paske yo pè sa ap chanje.
Men si w toujou ap evite yo, men 3 bon rezon pou w sispann fè sa.
1. Mizajou yo ranje bug
Yon bug se yon erè oswa yon pwoblèm ki gen nan yon aplikasyon oswa yon sistèm. Se li ki fè yon aplikasyon fèmen pou kont li, yon bouton pa mache, oswa telefòn nan vin lan san rezon.
Lè konpayi yo jwenn bug sa yo, yo ranje yo epi yo voye koreksyon an nan yon mizajou.
2. Mizajou yo bouche twou sekirite yo
Kèk fwa, yon sistèm gen yon twou oswa yon feblès yon pirat ka pwofite pou l atake aparèy ou, vòlè enfòmasyon w, oswa enstale yon lojisyèl malveyan.
Lè konpayi yo dekouvri feblès sa yo, yo bouche yo nan yon mizajou. Men pirat yo konnen tou ki twou ki te la. Se poutèt sa, chak jou ou pa fè mizajou a, se yon jou kote pòt la rete louvri pou yo.
3. Aparèy la mache pi byen
Mizajou yo ka fè sistèm nan mache pi rapid, pi efikas, epi yo konn ajoute nouvo fonksyon ou pa t genyen anvan.
Lè w pa fè mizajou yo, ou rann aparèy ou pi vilnerab.
Kisa pou w mete ajou?
- Sistèm telefòn ou (Android oswa iOS).
- Aplikasyon ou yo, sitou WhatsApp, aplikasyon bank, ak aplikasyon pou voye lajan.
- Òdinatè w (Windows oswa macOS).
- Navigatè wèb ou (Chrome, Safari, Firefox, Edge…).
- Bwat Wi-Fi ou: gen anpil ki ka mete tèt yo ajou tou.
Kèk konsèy pou w fè l san tèt chaje
- Aktive mizajou otomatik nan paramèt telefòn ou ak nan Play Store oswa App Store. Konsa, ou pa bezwen sonje.
- Fè mizajou yo lè w sou Wi-Fi epi batri a gen ase chaj, oswa li branche.
- Fè bakòp foto ak dokiman enpòtan ou yo anvan yon gwo mizajou sistèm.
- Telechaje mizajou sèlman nan sous ofisyèl yo: paramèt aparèy la, Play Store, App Store, oswa sit ofisyèl konpayi an.
- Fè atansyon ak fo alèt sou yon sit wèb ki di w « mete telefòn ou ajou touswit ». Se yon pyèj ki rele scareware.
Si aparèy ou twò vye epi li pa resevwa mizajou ankò, konnen li vin pi fasil pou pirat yo. Fè plis atansyon ak sa w fè sou li, sitou pou bank ak kont enpòtan.
Chwazi aplikasyon ki ajou e ki pran sekirite w oserye
Patenarya
Li bon tou pou w sèvi ak aplikasyon ki toujou ajou e ki pran sekirite w oserye, tankou Taptap Send, ki pèmèt ou voye lajan ann Ayiti fasil.
Epi sonje sèvi ak kòd pwomo PAWOL pou w jwenn yon ti kòb anplis sou premye transfè w.
Ou fè mizajou ou yo jodi a? Pataje atik sa a ak yon moun ki toujou ap peze « Pita » 😄, epi swiv Pawòl Dijital sou TikTok, Instagram, Facebook ak YouTube @pawoldijital. Jwenn lòt atik nan kategori Sekirite.
