Kisa yon rezo enfòmatik ye? Istwa Dijilakay

Si w kapab voye yon mesaj, resevwa yon imèl, oswa gade yon videyo sou entènèt, se gras ak yon rezo enfòmatik.

Yon rezo enfòmatik se lè de oswa plizyè òdinatè, oswa lòt aparèy (telefòn, enprimant, televizyon…), konekte ansanm epi swiv yon seri règ (yo rele yo pwotokòl) pou yo ka kominike epi pataje done.

Pou tout bagay sa yo mache, gen kèk eleman enpòtan nou jwenn nan yon rezo. Pou m ba w yon eksplikasyon ki pi klè, ann swiv istwa yon ti biznis ki rele Dijilakay.

Etap 1: De òdinatè, yon kab

Lè Dijilakay fèk kòmanse, se sèlman 2 moun ki travay ladan l. Yo gen 2 òdinatè, epi yo bezwen pataje done ak fichye ant yo. Men yo pa konnen kijan pou yo konekte de òdinatè sa yo ansanm.

Yo rele enjenyè Jibe. Jibe di yo: « Pa gen pwoblèm. »

Li ba yo yon kab Ethernet pou konekte de òdinatè yo dirèkteman youn ak lòt. Kounye a, yo ka kominike epi pataje fichye. Sa kreye yon ti rezo lokal. Yo rele l LAN an angle (Local Area Network): yon rezo ki rete anndan yon sèl kote, tankou yon biwo oswa yon kay.

Etap 2: Plis anplwaye, yon switch

Men Dijilakay kòmanse grandi. Kounye a, yo gen 4 anplwaye, e chak anplwaye gen yon òdinatè. Yon sèl kab pa ka konekte kat òdinatè ansanm.

Yo rele Jibe ankò. Jibe di yo: « Si nou bezwen tout òdinatè sa yo kominike youn ak lòt sou menm rezo lokal la, nou bezwen yon aparèy ki rele switch » (commutateur an franse).

Switch la se tankou yon kafou anndan biwo a: chak òdinatè branche sou li, epi li voye chak mesaj bay bon òdinatè a, sèlman sa ki dwe resevwa l la.

Etap 3: Konekte ak entènèt, yon router

Dijilakay kontinye gen plis bezwen. Kounye a, anplwaye yo bezwen konekte ak sèvis ki deyò rezo biznis la: fè rechèch sou entènèt, voye imèl, fè apèl videyo, elatriye.

Yo rele Jibe ankò. Fwa sa a, Jibe kontakte yon founisè entènèt (yon konpayi ki vann koneksyon entènèt) pou ba yo yon koneksyon.

Men gen yon lòt aparèy enpòtan Jibe fè biznis la achte: yon router (routeur). Router a sèvi pou konekte rezo lokal Dijilakay la ak rezo founisè a, oswa ak lòt rezo yo ta bezwen kominike avèk yo.

Si switch la se kafou anndan biwo a, router a se tankou pòt pou soti ak antre nan katye a: li konnen ki chemen pou pran pou yon mesaj rive nan yon lòt rezo, e pou repons lan tounen jwenn bon òdinatè a.

Etap 4: Pwoteje rezo a, yon firewall

Kounye a, trafik ki soti nan òdinatè yo ka ale deyò rezo lokal la pou jwenn lòt rezo. Men Dijilakay pa vle nenpòt trafik ki soti deyò antre nan rezo entèn yo san kontwòl.

Fwa sa a, Jibe enstale yon firewall (pare-feu). Firewall la kontwole trafik k ap antre ak k ap soti nan rezo a, selon règ sekirite biznis la mete. Se tankou yon gad nan pòtay la: li gade chak moun k ap antre ak k ap soti, epi li bloke sa ki pa gen dwa pase.

Etap 5: Pataje dokiman, yon sèvè fichye

Dijilakay kontinye grandi toujou. Kounye a, yo bezwen yon kote santral pou sere dokiman ak fichye plizyè anplwaye ka itilize.

Jibe pwopoze yo enstale yon sèvè fichye anndan rezo lokal la. Yon sèvè se yon òdinatè ki la pou bay yon sèvis bay lòt òdinatè yo. Kounye a, yon anplwaye ka anrejistre yon fichye sou sèvè a, epi yon lòt anplwaye ki gen otorizasyon ka jwenn aksè ak fichye sa a atravè rezo a.

Etap 6: Sèvè ki byen lwen

Men gen lòt sèvis biznis la bezwen ki pa oblije sou rezo lokal la. Pa egzanp, si Dijilakay gen yon sitwèb, sèvè k ap ebèje sitwèb sa a (sa vle di kenbe l disponib sou entènèt 24 sou 24) ka yon sèvè ki byen lwen biwo a, nan yon lòt peyi menm. Se sa anpil moun rele « nwaj la » oswa cloud.

An rezime: eleman yon rezo

ElemanWòl li
Kab EthernetKonekte aparèy yo pa fil
SwitchKonekte plizyè aparèy anndan menm rezo lokal la
RouterKonekte rezo lokal la ak lòt rezo, tankou entènèt
FirewallKontwole trafik k ap antre ak k ap soti, selon règ sekirite
Sèvè fichyeSere dokiman plizyè moun ka itilize
Sèvè sou entènètEbèje sèvis tankou yon sitwèb, byen lwen biwo a

E lakay ou?

Ou gen yon rezo lakay ou tou! Ti bwat founisè entènèt la ba ou a (yo konn rele l « modèm » oswa « bwat Wi-Fi ») souvan gen plizyè nan aparèy sa yo ladan l an menm tan: yon router, yon switch, yon Wi-Fi pou konekte aparèy san fil, ak yon firewall debaz.

Yon rezo ka kòmanse piti, ak de òdinatè ak yon kab, epi li grandi selon bezwen yo.

Men sa se sèlman kòmansman an. Dèyè tout bagay sa yo, gen anpil lòt teknoloji ki fè kominikasyon sa a posib. N ap pale de kèk nan yo nan lòt atik ak lòt videyo. Rete branche!


Swiv Pawòl Dijital sou TikTok, Instagram, Facebook ak YouTube @pawoldijital pou plis eksplikasyon an Kreyòl. Jwenn lòt atik nan kategori Entènèt ak Òdinatè.

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *