Virtualizasyon: kijan pou w mete Windows sou yon Mac san w pa redemare

Èske w konnen ou ka enstale Windows sou yon òdinatè Mac, san w pa bezwen chanje òdinatè a, ni redemare l?

Kijan sa fè posib? Gras ak yon teknoloji yo rele virtualization, oswa virtualizasyon an Kreyòl.

Kisa virtualizasyon ye?

Virtualizasyon se lè nou sèvi ak resous yon sèl machin fizik pou n kreye youn oswa plizyè machin vityèl. Chak machin vityèl fonksyone tankou yon òdinatè apa, ak pwòp sistèm li ak pwòp aplikasyon li.

Machin fizik la (sa vle di òdinatè ou ka manyen an) prete machin vityèl yo yon pati nan resous li yo:

  • RAM (memwa);
  • CPU (pwosesè, sèvo òdinatè a);
  • Espas estokaj (disk di oswa SSD).

Se poutèt sa, machin fizik ou a bezwen gen ase resous pou machin vityèl la ka mache san pwoblèm. Si òdinatè w la gen sèlman 8 GB RAM, epi ou bay machin vityèl la 6, sa ki rete a p ap ase pou òdinatè prensipal la.

Pwogram ki jere machin vityèl yo rele yon hypervisor. Se li ki separe resous yo, epi ki kenbe chak machin nan pwòp espas li.

Yon egzanp: Windows sou yon MacBook

Sou yon MacBook, ou ka sèvi ak yon pwogram tankou VMware Fusion pou w enstale Windows. Windows ap fonksyone nan yon anviwònman vityèl, nan yon fenèt, separe de sistèm prensipal Mac la. Ou ka pase de youn a lòt kòm si se de aplikasyon.

Bon pou konnen: VMware Fusion gratis pou itilizasyon pèsonèl. Sou Mac ki gen pis Apple (M1, M2, M3…), se vèsyon Windows 11 ARM la ou dwe enstale. Lisans Windows la li menm se yon lòt koze, se ak Microsoft sa ye.

Lòt egzanp

  • Ou gen yon òdinatè Windows 10 ki pa konpatib ak Windows 11? Ou ka kreye yon machin vityèl ak Windows 11 ladan l pou w eseye l.
  • Sou menm òdinatè a, ou ka gen yon machin vityèl Linux tou.
  • Chak sistèm rete nan pwòp anviwònman pa l: sa k pase nan youn pa afekte lòt yo.

Ki avantaj machin vityèl genyen?

Premye bagay la: ou ka teste anpil bagay san w pa mete òdinatè prensipal ou an danje.

  • Teste yon nouvo sistèm operasyon.
  • Enstale aplikasyon ou pa fin fè konfyans.
  • Fè eksperyans ak diferan konfigirasyon.

E si yon bagay mal pase? Ou efase machin vityèl la, epi ou rekòmanse. Òdinatè prensipal ou pa santi anyen. Se youn nan pi gwo avantaj virtualizasyon.

Si w ap aprann sibèsekirite, ou ka kreye yon ti laboratwa ak plizyè machin vityèl pou w pratike: youn ka jwe wòl atakan an, yon lòt wòl viktim nan, tout sa san okenn risk pou rezo lakay ou.

Virtualizasyon nan gwo konpayi yo

Virtualizasyon pa sèvi sèlman sou òdinatè pèsonèl. Nan antrepriz ak sant done yo (gwo bilding plen sèvè), yo sèvi ak yon sèl sèvè fizik pou fè plizyè machin vityèl mache an menm tan.

Kidonk, yon sèl machin fizik ka bay plizyè anviwònman vityèl, chak fonksyone tankou yon machin apa. Sa ekonomize kòb, kouran ak espas. E se sou prensip sa a anpil sèvis « cloud » nou sèvi ak yo chak jou fonksyone.

Kèk pwogram pou w kòmanse

PwogramSou ki òdinatèPri
VMware FusionMacGratis pou itilizasyon pèsonèl
VMware WorkstationWindows, LinuxGratis pou itilizasyon pèsonèl
VirtualBoxWindows, Mac, LinuxGratis
Hyper-VWindows ProEnkli nan Windows Pro

Yon sèl machin fizik, plizyè òdinatè vityèl: se sa yo rele virtualizasyon.


Ou ta renmen yon videyo etap pa etap sou kijan pou w kreye premye machin vityèl ou? Di n sa sou TikTok, Instagram, Facebook oswa YouTube @pawoldijital. Jwenn lòt atik nan kategori Òdinatè.

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *