Eksperyans sibèkafe a se yon bagay anpil nan nou p ap janm bliye.
Anvan telefòn entèlijan te vin sa yo ye jodi a, sibèkafe a se te kote anpil moun te konn al navige sou entènèt, fè ti rechèch, voye imèl, elatriye. Pou anpil nan nou, se la premye kontak nou ak entènèt te fèt.
Sal la plen, li fè cho… e ou dwe tann
Pwoblèm ki te toujou genyen ak sibèkafe yo, se ke sal yo te toujou ranpli moun. Li te toujou fè cho, e tout òdinatè yo te toujou okipe. Se la tou ou te aprann yon bon leson pasyans: fò w te tann yon lòt moun fini pou w al fè ti tan pa w la.
Lè w resi jwenn yon òdinatè ki lib, ou peye yon 30 minit pou w navige. Nan yon bat je, 30 minit lan fini san w pa regle anyen, paske entènèt la te toujou trè lan. Ou renouvle: 30 minit, apre 30 minit… epi se gade w gade w wè ou sou twazè d tan!
4 kalite moun ou te toujou jwenn nan sibèkafe
1. Novis la
Se moun ki pa konn anyen nan enfòmatik. Se moun k ap travay nan sibèkafe a ki oblije kenbe men l, depi l rive jis lè l fini sa l te vin fè a. Se moun sa yo tou ki te konn peye pou yo kreye yon kont Facebook oswa yon imèl pou yo.
2. Nèg save a / Fanm save a
Li konn òdinatè l. Li antre, li chita, li fè afè l, li ale. Pa gen tan pèdi.
3. Eskwad navigatè yo
Yo toujou vini an gwoup. Men nan tout gwoup la, se yon sèl moun ki konn navige sou entènèt. E se grenn moun sa a ki pral fè travay tout rès yo.
4. Ekspè kay la
Li pa travay nan sibèkafe a, men li toujou la. Se li ki parèt pi fò sou òdinatè a: li konn kijan pou l rezoud tout pwoblèm, e se li tout moun ap rele pou vin ede yo. Kòm rekonpans, mèt sibèkafe a konn ba l tan gratis pou l navige.
Ou menm, nan ki kategori ou te ye?
Se la nou te regle anpil bagay
Menm si sibèkafe yo pa t souvan kote ki pi konfòtab la, se la nou te konn regle anpil bagay:
- gen moun se la yo te konn al sou hi5, yon rezo sosyal tout moun t ap pale de li nan ane 2000 yo;
- gen moun se la yo te kreye premye kont Facebook yo ak premye imèl yo;
- gen moun ki te konn al fè ti apèl entènasyonal yo pou pale ak fanmi lòt bò dlo;
- gen moun ki te konn vini ak CD oswa DVD vyèj pou yo grave mizik ak fim;
- e gen moun se la yo te pran premye ti kou enfòmatik yo.
Yon ti leson sekirite ki toujou valab
Sibèkafe yo pa disparèt nèt, e nou toujou sèvi ak òdinatè piblik: nan lekòl, nan bibliyotèk, nan otèl, oswa sou òdinatè yon zanmi. Kèk bon abitid pou w kenbe:
- Dekonekte sou tout kont ou (imèl, Facebook…) anvan w leve.
- Pa kite navigatè a sonje modpas ou: si l mande w « anrejistre modpas la », di non.
- Sèvi ak mòd prive navigatè a (navigation privée / incognito) pou l pa kenbe istorik ou.
- Pa fè tranzaksyon bank sou yon òdinatè piblik si w ka evite l.
- Si w te konekte ak yon kont enpòtan sou yon òdinatè ou pa fè konfyans, chanje modpas ou apre.
Jodi a, sibèkafe a nan pòch nou
Kounye a ke entènèt la vin disponib pou anpil moun gras ak telefòn entèlijan, moun pa frekante sibèkafe menm jan an ankò. Men bagay sibèkafe sa a te yon plezi ak yon fristrasyon an menm tan.
Èske ou menm tou ou gen pwòp istwa pa w ak sibèkafe? Rakonte n li!
Pataje istwa sibèkafe w la ak nou sou TikTok, Instagram, Facebook oswa YouTube @pawoldijital. Jwenn lòt atik nan kategori Entènèt.
