4 bagay ou pa dwe janm pataje ak pèsonn

Gen kèk enfòmasyon ki tankou kle kay ou: si yo tonbe nan move men, yon moun ka antre lakay ou san ou pa la. Sou entènèt, se menm bagay la.

Men 4 bagay ou pa dwe janm pataje — ni ak zanmi, ni ak fanmi, ni ak moun ki di l ap travay pou bank ou oswa pou yon konpayi.

Wi, gen kèk eksepsyon pou kèk ladan yo, tankou yon doktè oswa yon enstitisyon ofisyèl ki gen otorizasyon pou sa. Men apa de sa, kenbe bagay sa yo sekrè.

1. Modpas ou ak PIN ou

Sa gen ladan modpas imèl ou, WhatsApp ou, Facebook ou, ak nenpòt lòt kont ou genyen. Li gen ladan tou PIN (kòd sekrè) kat labank ou, ak kòd oswa desen ou itilize pou debloke telefòn ou ak òdinatè w.

Pèsonn pa dwe konnen yo. Menm yon moun ou fè konfyans jodi a ka pèdi telefòn li, li ka pirate, oswa relasyon an ka chanje demen.

Poukisa li grav: avèk modpas imèl ou, yon moun ka chanje modpas tout lòt kont ou yo. Avèk PIN kat ou, li ka retire lajan w.

  • Si yon moun konnen modpas ou, chanje l touswit.
  • Sèvi ak yon modpas diferan pou chak kont.
  • Sonje: yon bank, WhatsApp oswa Facebook p ap janm mande w modpas ou.

2. Kòd verifikasyon ou

Se ti kòd ou resevwa pa SMS, pa imèl, oswa nan yon aplikasyon otantifikasyon, pou konfime se ou menm k ap konekte. Pa egzanp, kòd 6 chif WhatsApp voye ba ou lè w ap enstale l sou yon nouvo telefòn.

Kòd sa a se dènye baryè ki pwoteje kont ou. Si yon moun mande w li — menm si l di se pa erè li te voye l ba ou, oswa li pretann se sèvis kliyan — non, pa pataje l.

Se youn nan fason pirat yo pran kont WhatsApp pi souvan: yo eseye konekte ak nimewo w, WhatsApp voye kòd la sou telefòn ou, epi yo ekri w pou mande w li ba yo.

3. Enfòmasyon kat kredi oswa kat debi w

Nimewo kat la, dat ekspirasyon an, ak kòd sekirite a (CVV, sa vle di 3 chif ki dèyè kat la). Avèk twa enfòmasyon sa yo, yon moun ka fè acha sou entènèt ak lajan w.

Gen yon abitid nou wè souvan: voye yon lòt moun retire lajan nan ATM pou ou, ak kat ou ak PIN ou. Menm si se yon moun ou fè konfyans, sa mete lajan w an danje. Moun nan ap toujou konnen PIN ou, li ka pèdi kat la, oswa yon lòt moun ka wè l ap tape kòd la. E si yon bagay rive, bank lan ka refize ranbouse w paske se ou menm ki te bay PIN ou.

  • Si w bezwen ede yon moun ak lajan, sèvi ak yon transfè oswa yon sèvis ofisyèl olye w bay kat ou ak PIN ou.
  • Pa voye foto kat ou pa mesaj.
  • Sou entènèt, antre enfòmasyon kat ou sèlman sou sit ou konnen, epi verifye adrès sit la anvan.

4. Enfòmasyon pèsonèl sansib ou

Sa gen ladan:

  • istwa ak rezilta egzamen medikal ou;
  • nimewo idantifikasyon ou: NIF, nimewo kat idantite, nimewo paspò, oswa Social Security Number pou moun nan dyaspora a;
  • foto paspò w, kat idantite w, oswa lòt dokiman ofisyèl;
  • nenpòt dokiman ou konnen, si l pran deyò, w ap nan pwoblèm.

Avèk enfòmasyon sa yo, yon eskwo ka pran idantite w. Yo rele sa vòl idantite: li ka louvri kont sou non w, fè prè, oswa twonpe lòt moun lè l pase pou ou.

Gen moun ki gen otorizasyon pou wè kèk nan enfòmasyon sa yo, tankou doktè w oswa yon biwo leta. Men se ou menm ki dwe kontakte yo dirèkteman — pa atravè yon lyen oswa yon nimewo yon moun voye ba ou.

Kisa pou w fè lè yon moun mande w youn nan 4 bagay sa yo

  1. Kanpe. Pa reponn touswit, menm si moun nan ap ba w presyon.
  2. Mande tèt ou: èske moun sa a vrèman bezwen enfòmasyon sa a?
  3. Verifye pa yon lòt chemen: rele òganizasyon an sou nimewo ofisyèl li.
  4. Si w gen dout, pa pataje.

Si w te deja pataje youn ladan yo

  • Modpas oswa PIN: chanje l touswit.
  • Kòd verifikasyon: konekte sou kont ou, chanje modpas la, epi aktive 2FA si l poko aktive. Sou WhatsApp, gade lis aparèy ki konekte yo, epi dekonekte sa ou pa konnen yo.
  • Enfòmasyon kat: rele bank ou touswit pou yo bloke kat la.
  • Dokiman idantite: kontakte enstitisyon ki bay dokiman an, epi veye kont ou yo byen.

Gen kèk bagay ki fèt pou rete pou ou sèlman. Kenbe yo sekrè: se mèt kò ki veye kò.

Pataje atik sa a ak yon moun ou renmen — sitou moun ki konn pataje kòd ak modpas yo san yo pa reflechi.


Atik sa a fè pati seri Pawòl Dijital sou sansibilizasyon sibèsekirite. Jwenn tout atik yo nan kategori Sekirite, epi swiv nou sou TikTok, Instagram, Facebook ak YouTube @pawoldijital.

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *