Anpil kont pirate paske modpas yo twò fasil. Nou vle yon modpas ki fasil pou nou sonje, men li dwe ase konplike pou lòt moun pa ka devine l.
Men de taktik pou w kreye yon modpas ki pi solid.
Taktik 1: Melanje diferan karaktè
Melanje lèt majiskil, lèt miniskil, chif ak karaktè espesyal (tankou @, # oswa !).
Pa egzanp, olye w sèvi ak yon modpas senp tankou Latibonit509, ou ka kreye yon bagay pi konplike tankou DiriL@tib0n1t#84.
Evite non w, dat nesans ou, non timoun ou, oswa nenpòt enfòmasyon moun ka jwenn fasil sou ou, sitou sou rezo sosyal ou.
Taktik 2: Sèvi ak yon fraz kòm modpas
Si w jwenn li difisil pou w sonje yon modpas ki gen anpil karaktè diferan, chwazi yon fraz ki long, ki fasil pou ou sonje, men ki difisil pou lòt moun devine.
Pa egzanp: MwenRenmenManjeGraten!
Yon fraz konsa pi fasil pou w sonje pase yon seri karaktè ki pa gen sans. E paske li long, li pi difisil pou pirat yo jwenn li.
Atansyon: pa sèvi ak egzanp ki nan atik sa a tèl kèl. Kreye pwòp modpas pa w.
3 règ ki pa chanje
- Long: plis yon modpas long, plis li difisil pou jwenn.
- Inik: yon modpas diferan pou chak kont. Konsa, si youn pirate, lòt yo rete an sekirite.
- Prive: pa pataje l ak pèsonn.
Si w gen twòp modpas pou w sonje, yon jesyonè modpas (password manager) ka kenbe yo an sekirite pou ou. Gen ki gratis, e anpil telefòn ak navigatè gen youn ki deja enstale.
E pou yon kouch pwoteksyon anplis, aktive otantifikasyon ak 2 faktè (2FA). N ap pale de sa nan pwochen atik la.
Atik sa a fè pati seri Pawòl Dijital sou sansibilizasyon sibèsekirite. Jwenn tout atik yo nan kategori Sekirite, epi swiv nou sou TikTok, Instagram, Facebook ak YouTube @pawoldijital.
