Social engineering: kijan pirat yo twonpe w

Anpil fwa, lè yo pirate WhatsApp nou, kont Facebook nou oswa lòt kont nou sou entènèt, se pa paske pirat la fè yon gwo mannèv teknik. Se paske li twonpe nou pou nou ba l aksè, san nou pa rann nou kont.

Teknik sa a rele social engineering (an franse: ingénierie sociale). Se lè yon pirat sèvi ak manti ak manipilasyon pou fè w ba l enfòmasyon sansib, tankou modpas ou, yon kòd verifikasyon, oswa enfòmasyon kat kredi w. Li pa bezwen kraze anyen: li jwe nan may ou.

Ann gade 4 nan teknik yo itilize pi souvan.

1. Impersonation (imitasyon)

Se lè yon moun pran pòz yon lòt moun. Li ka fè tankou se zanmi w, yon anplwaye bank, yon ajan sèvis kliyan, oswa yon teknisyen k ap ede w rezoud yon pwoblèm.

Objektif li: fè w kwè ou ka fè l konfyans, pou w ba l enfòmasyon li pa ta dwe genyen.

2. Phishing (hameçonnage)

Phishing se lè yon pirat voye yon fo mesaj oswa yon fo imèl, oubyen li kreye yon fo sit entènèt, pou l fè w bay enfòmasyon pèsonèl ou.

Pa egzanp, ou resevwa yon imèl ki sanble li soti nan Facebook, Instagram oswa bank ou. Li di gen yon pwoblèm ak kont ou, e ou dwe klike sou yon lyen pou rezoud li. Men lyen an mennen w sou yon fo sit ki sanble ak sit ofisyèl la. Lè w antre modpas ou, se dirèkteman bay pirat la ou voye l!

3. Smishing

Smishing se phishing pa mesaj tèks (SMS). Ou ka resevwa yon mesaj ki di:

  • « Ou gen yon pake k ap tann ou nan DHL. »
  • « Peman telefòn ou pa pase. »
  • « Klike sou lyen sa a pou yo pa bloke kont ou. »

Tout mesaj sa yo gen menm objektif: fè w klike vit, san w pa reflechi.

4. Vishing

Vishing se phishing pa apèl telefòn. Pirat la rele w, li di gen yon pwoblèm ak kont ou, epi li mande w li kòd ou sot resevwa pa SMS « pou l ka verifye idantite w ».

An reyalite, se kòd sa a li bezwen pou l pran kont ou!

Kijan pou w evite pyèj sa yo

  • Pran yon ti poz anvan w aji. Mande tèt ou si mesaj la oswa demann lan lejitim.
  • Verifye ki adrès oswa ki nimewo ki voye l. Yon mesaj ka sanble ofisyèl san l pa soti kote li di a.
  • Pa janm pataje modpas ou oswa kòd verifikasyon w ak pèsonn.
  • Pa klike sou lyen ki sispèk.
  • Toujou verifye atravè yon kanal ofisyèl: aplikasyon ofisyèl la, sit ofisyèl la, oswa nimewo ki sou kat ou.

Nan kesyon sekirite nimerik, se mèt kò ki veye kò!

Pataje atik sa a ak moun ou renmen, e rete branche ak Pawòl Dijital pou pwochen pati seri a.


Atik sa a fè pati seri Pawòl Dijital sou sansibilizasyon sibèsekirite. Jwenn tout atik yo nan kategori Sekirite, epi swiv nou sou TikTok, Instagram, Facebook ak YouTube @pawoldijital.

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *