Si w sèvi ak yon telefòn, yon òdinatè oswa yon tablèt, e w toujou konekte sou entènèt, atik sa a se pou ou.
Mwa oktòb se Mwa Sansibilizasyon sou Sibèsekirite. Se yon moman kote anpil biznis ak òganizasyon fè fòmasyon ak aktivite pou ede moun rekonèt danje ki genyen sou entènèt, epi konnen kijan pou yo evite yo.
Men sibèsekirite pa yon bagay ki konsène sèlman moun k ap travay nan enfòmatik. Li konsène nou tout, alawonnbadè.
Sibèsekirite, an mo senp
Sibèsekirite se tout mezi nou pran pou pwoteje telefòn nou, òdinatè nou, kont nou yo ak enfòmasyon pèsonèl nou, kont moun ki ta vle vòlè yo oswa fè nou mal.
Poukisa li enpòtan konsa jodi a
Alèkile, nou fè prèske tout bagay sou entènèt:
- tranzaksyon ak peman;
- kominikasyon ak fanmi ak zanmi;
- travay ak lekòl;
- estokaj foto, dokiman ak lòt done.
Si w pa vijilan, e ou pa konn kijan pou w pwoteje tèt ou, ou ka leve yon bon maten pou w wè ou pèdi aksè ak kont ou yo, lajan w disparèt, oswa dokiman pèsonèl ou yo nan lari.
Sibèsekirite kòmanse avè w
Ou pa bezwen se yon ekspè pou w rann li difisil pou yo pirate w. Ou jis bezwen de bagay:
- Konnen kijan pou w rekonèt atak yo.
- Adopte bon abitid ki pou anpeche w tonbe nan pyèj yo.
Se egzakteman sa n ap aprann ansanm nan seri sa a: taktik moun malveyan yo itilize, ak kijan pou w pa tonbe nan pyèj yo.
Sa k ap vini nan seri a
- Social engineering: kijan pirat yo twonpe w
- Fo demann lajan ki pwofite sou bon kè w
- Lojisyèl malveyan: 5 kalite pou w konnen
- Kijan pou w kreye yon modpas ki solid
- Otantifikasyon ak 2 faktè (2FA)
- Scareware, oswa fo alèt sekirite
- 4 bagay ou pa dwe janm pataje ak pèsonn
Sonje sa: sibèsekirite kòmanse avè w.
Rete branche ak Pawòl Dijital: n ap ede w vin pi vijilan, pi prepare, e pi an sekirite sou entènèt.
Atik sa a fè pati seri Pawòl Dijital sou sansibilizasyon sibèsekirite. Jwenn tout atik yo nan kategori Sekirite, epi swiv nou sou TikTok, Instagram, Facebook ak YouTube @pawoldijital.
