Scareware: pa kite fo alèt sekirite fè w pè

Ou janm ap vizite yon sit entènèt, epi toudenkou yon mesaj parèt sou ekran w ki di: « ATANSYON! Telefòn ou enfekte ak viris! Klike la a pou netwaye l touswit! »? Oubyen: « Òdinatè w bloke akòz aktivite ilegal. Rele Microsoft sou nimewo sa a. »

Yon mesaj konsa ka fè w pè, sitou si li sanble ak yon vrè avètisman sekirite. Men anpil fwa, se magouy. Yo rele sa scareware, ki soti nan mo angle scare (fè pè).

Kisa yo vle?

Objektif la se fè w panike pou w:

  • klike sou yon lyen;
  • telechaje yon aplikasyon, ki souvan se yon lojisyèl malveyan;
  • peye pou yon fo sèvis;
  • rele yon fo teknisyen ki pral mande w ba l aksè ak aparèy ou « pou l ranje l ».

Konnen sa: yon vrè mesaj erè Microsoft, Apple oswa Google pa janm mande w rele yon nimewo telefòn ki parèt sou yon paj web.

Kisa pou w fè si w wè yon mesaj konsa

Bon nouvèl la: lè yon fo alèt parèt sou yon paj web, sa pa vle di aparèy ou enfekte. Se lè w klike sou bouton yo, sou lyen yo, oswa lè w rele nimewo a, pyèj la fèmen sou ou.

  1. Pa panike.
  2. Pa klike sou okenn bouton nan mesaj la, menm sa ki di « Fèmen » oswa « Anile ».
  3. Pa rele nimewo telefòn yo bay la.
  4. Fèmen paj la, oswa tout navigatè a. Si l pa vle fèmen, fòse l fèmen: sou Windows, peze Ctrl + Alt + Delete epi chwazi Task Manager; sou Mac, peze Cmd + Option + Esc.
  5. Eskane aparèy ou ak antiviris ou apre sa, jis pou w asire w tout bagay anfòm.

Si w te deja bay aksè

Si w te deja kite yon « teknisyen » konekte sou aparèy ou, oswa w te peye: dekonekte aparèy la sou entènèt, retire pwogram aksè a distans li te fè w enstale a, chanje modpas ou yo sou yon lòt aparèy, epi kontakte bank ou si w te bay enfòmasyon kat ou.

Lè yon mesaj ap fè w pè pou l fòse w aji touswit, se vòlè yo ye.


Atik sa a fè pati seri Pawòl Dijital sou sansibilizasyon sibèsekirite. Jwenn tout atik yo nan kategori Sekirite, epi swiv nou sou TikTok, Instagram, Facebook ak YouTube @pawoldijital.

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *