Kisa otantifikasyon ak 2 faktè (2FA) ye?

Pifò kont nou genyen sou entènèt pèmèt nou ajoute yon lòt kouch sekirite, anplis modpas la. Yo rele sa otantifikasyon ak de faktè, oswa 2FA.

Kisa sa vle di menm?

Imajine yon moun rive jwenn modpas kont Facebook ou. Si w pa gen okenn lòt pwoteksyon, moun sa a ka konekte sou kont ou san pwoblèm.

Men lè 2FA aktive, modpas la pa sifi ankò. Kont lan ap mande yon dezyèm prèv ke se ou menm vre k ap konekte, pa egzanp:

  • yon kòd yo voye sou telefòn ou pa SMS;
  • yon kòd nan yon aplikasyon otantifikasyon (tankou Google Authenticator oswa Microsoft Authenticator);
  • yon notifikasyon ou dwe apwouve sou telefòn ou.

Konsa, menm si yon moun jwenn modpas ou, li vin pi difisil anpil pou l antre sou kont ou.

Ki metòd ki pi bon?

Nenpòt 2FA pi bon pase okenn 2FA. Men si w gen chwa, yon aplikasyon otantifikasyon pi solid pase SMS, paske pirat yo gen mwayen pou detounen mesaj tèks.

Ki kote pou w aktive l

Kòmanse ak kont ki pi enpòtan yo: imèl ou, WhatsApp, Facebook, Instagram, ak aplikasyon bank oswa transfè lajan ou yo. Anjeneral, w ap jwenn opsyon an nan paramèt kont lan, nan seksyon Sekirite. Sou WhatsApp, li rele Verifikasyon an de etap.

Lè kont ou yo ofri opsyon sa a, aktive l! E pa janm pataje kòd verifikasyon ou resevwa ak pèsonn.


Atik sa a fè pati seri Pawòl Dijital sou sansibilizasyon sibèsekirite. Jwenn tout atik yo nan kategori Sekirite, epi swiv nou sou TikTok, Instagram, Facebook ak YouTube @pawoldijital.

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *